Categories

Most Viewed

Le contenu de la conférence présentée par Gerline Felix à Port-au-Prince à l’occasion de la fête du bicolore haïtien

Pour la fête du bicolore cette année, Gerline Felix, membre du parti politique EDE a eu un échange fructueux avec des élèves et étudiants à Port-au-Prince sur le symbolisme du drapeau haïtien. La jeune professionnelle très fougueuse a profité de l’occasion pour livrer sa compréhension sur la crise qui tracasse les entrailles d’Haïti en ce moment. Le thème choisi est bien: Engagement universitaire en temps de crise”.

En voici la transcription de son excellente intervention en présence d’une assistance compacte composée notamment de jeunes universitaires, étudiants et cadres du parti EDE.

Aktivite sa yo reyalize 18 me 2024 pa Mouvman Etidyan EDE (MEE).

Mwen salye Prezidan konsèy estratejik pati a, manm komite direktè nasyonal pati a ki prezan, manm direktwa depatmantal Lwès yo, manm tout mouvman ki anndan pati a, spesyalman manm Mouvman Etidyan EDE yo k ap òganize aktivite sila jodi 18 me a. Mwen salye chak atis, gwoup k ap pèfòme nan aktivite sila. Tout elèv, jèn etidyan ak lòt kategori inivèsitè ki prezan nan kad ti batbouch sila.

Mwen salye lòt entèvenan yo. Mouvman Etidyan EDE, kenbe la ! Jodi a nou pral eseye gade ansanm kisa patisipasyon inivèsite a ta kapab ye, ki wòl li ta kapab jwe anndan sitiyasyon kriz sa ki genyen anndan peyi a.Anvan n ale pi lwen, kesyon nou ta kapab poze , eske yon enstitisyon ki an kriz kapab bay kout men nan manyen, nan rezoud ansanm kriz k ap wonje lòt enstitisyon,oubyen nan yon pwendvi ki jeneral?

Men, youn nan bagay nou sèten sou li sèke nou fèt anndan kriz la, nou grandi nan kriz la e n ap viv kriz la anndan kò nou, anndan lespri nou. Kidonk,nou se pitit kriz la. Nou ta kapab mande tou, jan kriz la pwatrinen nou , eske gen posibilite jounen jodi a pou n fòme konviksyon nou yon mannyè kritik sou kriz la? E se sa nou pral eseye gade ansanm.

San nou pa antre nan yon demach teyorik ni konseptyèl nan koze kriz la, men pi souvan anpil teyorisyen gade kriz la tankou yon “situation dysfonctionnelle”, men sitou enstitisyonèl nan apareyay leta a ( Corruption, conflit de pouvoir, eleksyon k pa janm ka reyalize a lè, pou renouvle pèsonèl politik yo, nòm yo pa respekte…) kote kriz sa genyen anpil konsekans pratik, materyèl ak sikolojik sou lavi anndan sosyete a. Nan sans sa a, sosyete ayisyèn nan, youn nan baz fondamantal li se “kriz”.

Kounyeya inivèsite a ki se yon antite anndan kò sosyal la, menmjan ak tout lòt enstitisyon yo, pratikman afekte ak kriz sa. Sa ki vin fè menmjan legliz, lekòl, labank ak anpil lòt enstitisyon anndan leta a, inivèsite a, kòm yon eleman fondamantal anndan sosyete sivil la , nan rès sosyete sivil la (si taka site Gramsci) li egalman afekte tou. Kounya, kote inivèsite a?

Poukisa nan yon moman inivèsite a te konn trè aktif nan yon ansanm revandikasyon anndan sosyete a e jounen jodi a nou prèske ka di nou pa wè l? Eske se yon pridans parapò ak “luttes antérieures” yo yo taka konsidere kòm yon echèk? Ki obligasyon inivèsite a anvè sosyete a.I) Nan entèvansyon sila n ap wè inivèsite a gen 2 obligations: patriotique, morale Inivèsite a g on obligation patriotique, poukisa nou di sa?

Depi 18 mai 1920, Dantès BELLEGARDE dans son texte “L’Education haitienne” di nou inivèsite a konsakre kòm « gardienne du drapeau. »Inivèsite a kòm “Gardienne du drapeau” a une obligation patriotique. Gardienne du drapeau.

An n f on gade ansanm kisa drapo a ye daprè kèk teyorisyen: Le drapeau a une signification historique profonde.

1. Notre Drapeau est un Symbole Identitaire, un symbole de notre souveraineté Selon Anderson (1991), le drapeau national joue un rôle central dans la construction de l’identité nationale. En Haïti, le drapeau bleu et rouge, créé le 18 mai 1803, incarne les luttes et les aspirations du peuple haïtien pour l’indépendance et la liberté. Il est le symbole de la fierté nationale et de la résistance face à l’oppression.

2.Notre Drapeau est un Symbole de Solidarité et de Cohésion Sociale Putnam (2000) soutient que les symboles nationaux, comme le drapeau, peuvent favoriser la solidarité et la cohésion sociale. Le drapeau national est un rappel puissant de l’unité du peuple haïtien, malgré les défis historiques et contemporains auxquels il est confronté.

3. Notre Drapeau est un Stimulateur de l’Engagement Civique Huntington (2004) souligne que le drapeau national est un symbole qui incite à l’engagement civique. En Haïti, le drapeau représente la lutte pour la liberté et la dignité humaine. Il rappelle aux Haïtiens leurs droits et leurs devoirs en tant que citoyens. Le drapeau haïtien peut inspirer un sens profond de responsabilité envers la collectivité et encourager les Haïtiens à s’engager activement dans des actions bénéfiques pour la société, telles que la participation politique, l’éducation et le développement communautaire.

4. Notre drapeau est un symbole, il nous rappelle constamment notre devoir envers notre patrie. Il nous incite à agir en accord avec les valeurs qu’il représente, telles que la justice, l’égalité et la solidarité.

5. Notre Drapeau est un Facteur Mobilisateur Jasanoff (2016) explore le rôle du drapeau national en Haïti en tant que facteur mobilisateur des citoyens. Elle souligne comment le drapeau peut servir de point de ralliement pour les Haïtiens partageant des valeurs communes, suscitant ainsi leur engagement dans des causes citoyennes.

6) Notre drapeau est un symbole unificateur, qui crée une identification collective et motive les citoyens à agir pour le bien de leur société, notamment dans la lutte contre la pauvreté, l’injustice sociale et la corruption.Ki vle di, nan obligasyon patriyotik li inivèsite a se gadyen tout sa drapo a senbolize.Anplis Dantès Bellegarde,Pwofesè Gerard Pierre Charles di l tou. Kidonk, inivèsite a ta sipoze bwa dèyè bannann sosyete a, defansè sosyete a, se gadyen ki pou fè dènye arè sosyete a pou advèsè a pa ban nou gòl.

Nan pèspektiv sila, nou bezwen yon inivèsite kritik, yon inivèsite k ap fòme fanm ak gason kritik. Sa vle di, fòme moun ki p ap antre nan sòs pwason kraze nan bouyon anndan sosyete a . Sa vle di tou, lè gwo tanpèt vini pou kaba sosyete a, inivèsite a ta sipoze la pou rann sosyete a rekanpe. Jounen jodi a inivèsitè ak inivèsitèz ta sipoze degaje yo kou mèt Janjak, pa rapò ak vizyon, dimansyon teyorik yo genyen , patisipe nan rekanpe sosyete a.

Kidonk, angajman inivèsitè otomatikman vin yon kesyon ki fondamantal nan peryòd kriz la. Epitou, s on doub obligasyon: patriyotik ak moral.Ajitatè, ranfò (Production du savoir)Inivèsite a pa dwe adapte l nan estetik salte sa, inivèsite a dwe yon ranfò. Puiske nou resevwa yon fomasyon ki nan yon sans inik pou n adapte n ak sistèm sa olye nou soti ladan l, nou pito adapte n. Alòske, gen tip ajitasyon politik anndan sosyete a se inivèsite a k ka fè yo, atravè “des débats contradictoires” ak klate k ap fèt sou yon ansanm tematik. Inivèsite a atravè des poesies, des colloques.

Inivèsite a gen wol pou l prezante ak sosyete a yon altènativ. Jounen Jodi a , tandans ak adaptasyon kriz la pa fè lonè inivèsite a. Nan rete adapte ak kriz la, majorite inivèsitè yo ap chache ti pòt pou yo antre pou yo g on « ascension sociale individuelle ». Jounen Jodi a inivèsite a dwe reflechi sou denouman kriz la nan yon pèspektif kolektif. Paske youn nan bagay ki trè fondamantal nou dwe konnen pespektiv endividyèl yo p ap penmèt nou menm nou rive rezoud menm pwòp pwoblèm pa nou.

Okontrè, se konplike l ap konplike lavi nou, lè se ou menm sèl ki gen djòb anndan fanmi an, ou pral wè fanmi an plis sonje lè w ap touche pase ou menm, sa vle di li g on atant de ou menm. Maintenant, panse denouman kriz la nan yon pèspektif kolektiv, inivèsitè yo yo menm yo gen yon responsabilite sitwayèn menm pou kreye espas « de reproduction de la vie » anndan sosyete a.

Eske inivèsite nou an pa yon obstak pou sosyete a?Poukisa m poze kesyon sa, se paske poko janm gen yon madan sara ki rive minis komès, yon chofè moto minis transpò, yon peyizan minis agrikilti.. Men, pifò moun ki konsiltan, ki pase nan tèt ministè yo se inivèsitè ke sosyete a te finanse pwosesis savwa moun sa yo. An retou se sa nou bay sosyete a kòm rezilta?

2e obligasyon inivèsite a genyen, se yon obligasyon moralNou genyen yon obligasyon moral anvè SOSYETE a ki se yon inivèsite k ap fòme moun ki g on konsyans politik pou lanse yon « sonette d’alarme ». Inivèsite a dwe panse « Haiti par delà des concepts », nan yon pèspektif de détéritorialisation, panse Ayiti atravè espas, panse Ayiti atravè divers phase évolutive peyi a. Li enpòtan pou jounen jodi a inivèsite a lave figi l bay sosyete a.Angajman obligatwa Inivèsitè yo g on obligasyon pou yo angaje yoElit entèlektyèl la, inivèsitè yo dwe angaje yo tankou Jean Price Mars(sou occupation americaine), Antenor Firmin (Contre le racisme), Dr Claude Joseph ki angaje l kòm yon inivèsitè, yon entèlektyèl (Contre le racisme dominicain).

Si nou ta pran yon save tankou Sartre,nan perspective sartrienne nan, youn nan mak fabrik entèlektyèl la se angajman. Se pa angaje pou angaje, men des intellectuels ki angaje nan yon pwendvi altènatif. Se sak fè jodi a li enpòtan pou inivèsitè ak inivèsitèz leve kanpe pa rapò ak listwa tout lit ki fèt anndan peyi a. Dwe genyen yon mouvman invèsitè anndan peyi a ki òganize avèk « des nouveautés ».

Nouvote anndan mouvman etidyan yo ki kapab ebranle Leta a, ki kapab ebranle sistèm sa. E nou dwe jwenn des inivèsitè ki ap mache de pòt an pòt pou sansibilize peyizan an, bay peyizan an de nouvelles alternatives, chita avèk peyizan yo, chita ant nou menm, jwenn yon « porte de sortie ,en dehors de toute contradiction » ki ka genyen nan mitan nou. Epi nou di se kreyativite k ap penmèt sistèm nan tranble. Se swa jenerasyon nou an trayi oubyen nou akonpli misyon nou. Akonplisman misyon sila se nouvote, ajitasyon atravè mizik, teyat, kolok , e atravè fòmasyon sou solidarite anndan kriz la. Penmèt konfyans ak lespwa reprann.

Nou bezwen inivèsitè k ap alimante deba sou chanjman konstitisyon an, eklere pèp la , pote savwa inivèsitè a bay pèp la, jiskaske nou jwenn chimen k ap penmet nou manyen kriz la nan tout fondamantal li.Se depi kounya pou nou angaje nou, pou nou angaje nou nan yon lòt sans pou pitit pitit nou ka kontinye devlope kò yo ak lespri yo pou pa al pran wont aletranje. Inivèsite a chita bon lontan. Si inivèsite a pa di anyen nan kriz la, kriz la ap anglouti l (Fakilte boule, bibliyotèk boule, lekol boule,elèv mouri, Pwofesè mouri, etidyan mouri, yo pran bal, yo vyole yo, Antoinette Duclaire dit Netty, Pwofesè Dorval, Prezidan mouri menmjan ak ti machann yo).

Si n ret kwaze bra nou, n ap anglouti e se ap pi gwo krim kont jenerasyon k ap vini yo.Yon lòt inivèsite pou yon lòt sosyete, yon lòt sosyete pou yon lòt invèsite.Liv nou, plim nou, kaye nou, drapo n nan men n, n ap EDE peyi nou Ayiti !Chwazi EDE! Ak tout etidyan ki prezan nan sal la m ankouraje nou chwazi Mouvman Etidyan EDE paske se yon nouvote pou eklere sosyete a! Viv depatman Lwès la ! Viv Mouvman Etidyan EDE! Viv EDE! Viv Ayiti!! Mèsi!

Gerline Felix, konferans Pòtoprens 18 me 2024.

    Leave Your Comment

    Forgot Password

    Register

    //ptaiceckir.net/4/4112177