Categories

Most Viewed

Ayiti-Kriz Gaz : Komin PòdePè an Alèt Wouj

Depi kèk tan, Ponp #Gaz yo fèmen nan Vil #PòdePè. Akoz pwoblèm sa, chofè moto, machin pa ka jwen gaz pou fonksyone sou tout Depatman an pandan nou tout konnen PòdePè se Premye Komin Depatman Nòdwès la.

Par Marc Adler

Men, sa pa anpeche ke Vil la chaje gaz tout kote, nan tout kwen, nan tout wout, Machann Gaz ak Galon ap vann, ap ofri epi fòse chofè achte nan Men yo pito.

Pou kounya nap ekri tèks sa, siw rive bò Won Pwen PòdePè (pou moun ki konn vil la) Galon gazolin ap vann 350$HT san retire yon goud. Poutan, jan nou di avan an, Ponp Gaz yo kise premye distribitè fèmen ak kle nòmalman.

Kot CSPJ kite konn fòse epi pouse Komisè ak Jij de Pè pran desizyon kouri kont fenomèn sa ? Kot Komisè, ki nan egzèsis fonksyon yo te deja pouswiv, arete e anprizone anpil moun/komèsan pou batay kont fenomèn sa ?

Antouka, s on gwo fenomèn wi koze Vann Gaz Atè sa. Koze vann gaz nan Galon ak Doum sa, se yon veritab Tèt Chaje wi. Eske n sonje dega, ravaj koze sa te fè nan Vil Okap nan ane ki sot pase yo ?

Pou kounya, Leta absan, CSPJ kanpe, Komisè kite konn batay kont fenomèn sa nan konje pandan, nan moman sa, popilasyon an, konsomatè yo plis bezwen yo ke jamè.

Sa kap pase nan Komin PòdePè a pa diferan de jan sa ye nan anpil lòt Komin tankou Gonayiv, Mibalè, Okay, Leyogàn, Kafou san n pa pale de Pòtoprens.

Peyi a, Vil PòdePè envivab, popilasyon an ap fè fas ak tout kalte pwoblèm san okenn sekou, pèsòn pa konn kilè sa va fini.

Marc Adler

    Leave Your Comment

    Forgot Password

    Register

    //fudukrujoa.com/4/4112177