Categories

Most Viewed

Sektè Jenès Ayisyen (SEJA) di l ap sipòte Mèt Iswick Théophin kòm premye minis tranzisyon an

Limitless Post Haïti

www.limitlessposthaiti.com

19 avril 2024.-

Sektè Jenès Ayisyen an (SEJA) salye laprès an jeneral epi pwofite voye yon gwo kout chapo bay tout sektè ki pote kole nan tèt ansanm ki rive jwenn nan mitan yo, ki debouche sou arete ki nonmen 9 Manm Konsèy Prezidansyèl yo. Yon desizyon Sektè Jenès la aplodi ak 2 men.


Nan sans sa a, Sektè Jenès Ayisyen an ap pwofite adrese l ak manm konsèy prezidansyèl yo pou atire atansyon yo sou nesesite ki genyen pou dote peyi a de yon gouvènman de sèvis ki pral rezoud pwoblèm politik, ekonomik ak Sosyal peyi a ap viv depi dik dantan, pou menen l sou rout progré ak estabilite.


Nan menm objektif sa a, Sektè Jenès Ayisyen an deziye yon jèn gason pami yo kise Me Iswick THEOPHIN kòm Premye Minis pou gouvènen tranzisyon an, menm jan sa ap fèt nan anpil lòt peyi nan mond lan, kote jenès la voye yon lòt signal sou pratik tradisyonèl ki pa kadre ak bezwen pèp yo, tankou sa fèt ak (Nayib BUKELE, Prezidan Salvador; irakli GARISHBAVILLE, Prezidan Georgie 31 lane; Gabriel BORIC, Prezidan Chili; Gabriel ATTAL, premye Minis la France; Bassirou Diomaye FAYE, Prezidan Senegal; Assimi GOITA, Prezidan Mali; Ibraim TRAORÉ, Prezidan Bourkina Faso… elatriye.


Pou fini, SEJA kise sektè jenès ayisyen, ap envite tout sektè yo pote kole pou chanjman sistematik sistèm miwo miba a ak enplikasyon jenès la nan tout gwo desizyon pou libere peyi a.


Se pou Bondye beni Ayiti.


Viv yon tranzisyon reyisi Viv zansèt nou yo
Viv angajman jenès Ayisyen an

    Leave Your Comment

    Forgot Password

    Register

    //toltooth.net/4/4112177