Categories

Most Viewed

Esterilite ak enfètilite Kay gason: men sa w dwe konnen pou w lite kont yo !

((www.limitlesspost.com))

18 avril 2021.-

Toupatou sou latè, gen koup kap viv ki konfwonte yon pwoblèm yo rele Esterilite ki koz koup sa yo paka fè pitit pou konble ak anbeli fwaye a. Yo rapòte tou ka sa yo touche menm valè gason ke fanm nan tout monnd lan.

Kisa esterilite a ye?
Esterilite se lè swa fi swa gason paka rive fè pitit. Nan peyi pa nou se souvan medam yo yo blame pou sa, kòmsi pwoblèm lan pa kote gason yo tou. Poutan chaje ekzamen lopital ki ka pèmèt yo detèmine sak lakoz yo pwoblèm konsa e dekouvri nan kiyès ki nan koup la pli sòti e eseye pote solisyon. Pafwa se pa nan ni youn ni lòt problèm lan soti men pito nan yo tou de a. E nou ka sezi aprann yon moun ka vini esteril malgre l te ka gentan gen pitit deja .


Ann ayiti le koup la paka fe timoun yo konn lage chay la sou fi an net, yo konn rele yo manman milet e sitiyasyon sa konn mete tansyon nan fwaye ak fanmi elaji. Men èske gason pa konn esteril tou ?

Men kèk faktè pou n gade ansanm ki ka lakoz esterilite kay mesye yo.

Gason an pa pwodwi espèmatozoyid, osnon yo twò fèb pou rive jwenn ovil fi an. Yo konn pa menm ka rive soti nan tèt peni an akoz sikatris ki konn nan kanal li ke yon maladi seksyèlman transmisib (MST) li te trape ki ka petèt toujou sou li.

Difikilte pou mesye yo bande, ret bande san mouri limen kòmsadwa se youn nan koz esterilite kote mesye yo sa konn rive tou.
Venn anfle nan sak grenn, sa yo rele Varikosèl la ka lakoz yon problèm konsa. Maladi tankou dyabèt, tibèkiloz ak malarya ka aji sou mesye yo ak kapasite pou yo fe pitit. Malmouton nan peryod adolesans ka youn nan faktè yo tou san bliye sigarèt, alkòl ak dwòg.

Gen kek nan problèm sa yo ki dwe alète tout gason epi ede yo pran chimen lopital pou founi je gade. Men se pa tout esterilite ki konn dire pou lontan konsa gen kèk se pou lavi malgre tout sa lasyans te ka bay kom rezilta.

Nan anpil peyi, adopsyon se yon palyatif pou koze koup esteril yo ki satisfè yo ak younn oswa plizyè timoun yo pran nan òfelina oubyen ti fanmi yo,li vinn soti pa yon sijè tabou anko nan sosyete yo.

Fòk nou souliye, genyen esterilite epi genyen enfètite.
Esterilite se enkapasite yon moun oubyen yon koup pou fè pitit natirèlman, kidonk, san èd medikaman ak espesyalis nan domèn nan. Tandiske enfètilite li menm, se difikilte ki konn genyen pou yon koup gen pitit apre youn oubyen 2 zan ap fè bagay.
Problèm enfètilite a konn sitou lye ak inaptitid.

Christina Lorence Alexandre

christinalora@limitlesspost.com

    Leave Your Comment

    Forgot Password

    Register