Categories

Most Viewed

Ti koze sou dwa : Kisa lalwa di sou timoun k ap leve pati kite Kay paran yo san otorizasyon ?

((www.limitlesspost.com))

22 avril 2021.-

Jodi a nou vin pale w de otorite parantal, (en francais l’autorité parentale).

Otorite Parantal la se yon ansanm dwa ak obligasyon yon paran gen sou pitit li.

Nou ka konstate menm jan ak mwen gen anpil paran kap plenyen pou pitit yo k ap fè sa yo vle, yo pè pale pou pitit sa pa bat yo.

Anvan lane 1982 yo te konn pale de otorite marital, sa vle di se mari a sèlman ki t ap fe sa l vle.
Men ak yon dekrè ki soti 8 oktob 1982, lalwa chanje otorite marital an otorite Parantal, sa vle di ni manman ni papa gen menm dwa sou timoun nan.

Ann al gade ak mwen ki sa lalwa di sou kesyon timoun k ap pran poz gwo nèg yo e ki vle fè sa yo vle eki pa respekte ni manman ni papa yo.

Nan atik 314 kòd sivil ayisyen an li ekri nwa sou blan.
Pitit kèlkeswa laj ou genyen ou dwe paran w onè ak respè.
Timoun sa rete sou responsab paran l pou jis lèl vin genyen laj majorite.

Ann al gade ak mwen sou kesyon laj majorite a.
Nan atik 398 nan kòd sivil la, li di laj majorite a fikse a 21 lane.

Se pou tèt sa nan atik 136 kòd sivil la li di: yon gason ki poko gen 25 ane akonpli li p ap ka marye san konsantman paran l epi fi ki poko gen 21 ane akonpli tou p ap kapab marye si paran l pa otorize maryaj la.

Nan atik 315 nan kòd sivil la li di:
Okenn timoun pa ka kite kay papa l san papa l pa ba l pèmisyon…

Si yon papa ta wè yon pitit gen Yon konpotman ki grav anpil epi merite korije. Papa Timoun sa dwe itilize mwayen mw pral site la yo:

1- Si timoun lan gen yen mwens pase 15 lane, papa a ka fè yo kenbe l pandan yon ti tan ki pa gendwa depase 5 jou… yon jij depè, sou demann papa a, ap delivre yon lòd pou yo arete timoun sa.
(Atik 316 kod sivil)

2-Depi laj 15 lane sa komanse pou jiskaske li rive nan laj majorite a, li ka sèlman mande arete epi gade timoun sa pou jiska 6 mwa oubyen plis toujou.
Lè sa li p ap adrese l ak yon jij depè, l ap adrese l ak dwayen ki nan tribunal sivil la nan jiridiksyon kote l ye a, dekonsè ak ministè piblik kote y ap otorize arestasyon pitit la. Toujou dapre atik 317 kòd sivil.

Tout Moun ki gen ti moso konesans li pa pataje l, konesans sa pa vo anyen.

Verite a pa nan mwen, li pa nan wou nou ka chache l ansanm.
⚖️⚖️⚖️⚖️⚖️⚖️

Me Ojano PARIS
redaction@limitlesspost.com

    Leave Your Comment

    Forgot Password

    Register

    //coatowhauchin.net/4/4112177