Limitless Post Haïti
www.limitlessposthaiti.com
20 me 2025.-
Rezon ki fè nou prèske rate chans pou nou bay peyi a yon nouvo konstitisyon ki ka pèmèt nou mete fen ak tranzisyon ki pa janm fini sa a se gran anje tout travay konsa genyen nan tout peyi.
Mwen vle pale de anje politik, anje sosyal, anje ekonomik ak anje entènasyonal. Se bagay sa yo k ap detèmine lejitimite ak kredibilite yon pwosesis konsa.
Soti anba plim Mèt Kedlaire Augustin

Chwa moun k ap travay sou konstitisyon an, motivasyon konstitisyon an ak sa ki nan konstitisyon an depan de anje sa yo. Ou te mèt sote ponpe, se sa l ye nan tout peyi. Se anje sa yo ki vrè motivasyon tout moun ou tande swa k ap sipòte oubyen k ap choute sou avan-pwojè konstitisyon komite pilotaj la soti a. Kòm teknisyen, mwen te konnen se konsa li t ap toujou ye. E se pou sa mwen pibliye anpil tèks, pami yo yon dokiman 89 paj ki rele : Dyagnostik objektif rapò gwoup travay sou konstitisyon an.
Nan dokiman sa a mwen baze m sou rapò GTK pou mwen idantifye tout sa ki fè pwosesis la pa ni kredib ni lejitim. Koz loun yo plis konnen yo se ensekirite a. Alaverite, se yon rezon valab, men sim teni kont de anje politik inisyativ la e de pozisyon pati politik ak sektè kle nan vi nasyonal la pran sou kesyon sa a, Mwen pap gen tò sim di gen lòt bagay ki pa di. Mwen pap pale de moun ki fristre paske yo pat envite yo, map pale de moun GTK te envite fòmèlman tou pou di yo pap patisipe nan konsiltasyon li t ap fè yo.
Kesyon sekirite a se yon pretèks valab men an reyalite se anje politik yo ki fè yo pa dakò. Menm si te gen sekirite, depi enterè sa yo e sitou enterè politik aktè yo te menase, yo tap toujou fè yon jan pou bloke pwojè a kanmenm. Se pa konsa konsa gen kèk pati AK sektè ki dakò e ki voye pwopozisyon pa yo. Se pa jije m ap jije klas politik la ak sektè yo. Li nòmal pou yo defann enterè yo.
Malerezman, jan yo fòme komite pilotaj e sitou group travay sou konstitisyon an, yo pat pran an konsiderasyon anje sa yo. Se sa ki fè nan tout tèks mwen ekri deja yo, mwen t ap alète pati politik yo ak otorite yo pou m di yo jan yo derape a se tan ak kòb yo pwal fè peyi a pèdi pou anyen, e se frajilize y ap frajilize pwojè nouvo konstitisyon an pi plis. Pati politik yo, menm sila ki reprezante nan KPT a, nan yon gwo batay pou okipe espas pouvwa.
Sila ki pa okipe okenn fonksyon nan pouvwa a p ap janm dakò. Non sèlman yo p ap dakò al nan eleksyon pandan yo pa sou pouvwa e pandan advèsè elektoral li sou pouvwa. Yo p ap dakò non plis se yon moun ki se advèsè politik yo ki mennen travay referandòm lan pandan pwal gen eleksyon. Mwayen Leta, lajan Leta, possibilite pou rankontre anpil sektè se kèk nan privilèj pati ki pa patisipe nan dyalòg la ta renmen jwi tou avan eleksyon an. Menm si se pa tout ki di sa, se sal ye. Serge Pierre Louis al Magalie Comeau Denis denonse sa piblikman.
Kidonk, se jan yo te chwazi manm komite pilotaj ak gwoup travay sou konstitisyon an ki vrè koz pwoblèm kredibilite ak léjitimite avan pwojè konstitisyon komite pilotaj la soti a. Depiw konprann ki sa yon pati politik ye, ki sa yon kandida ye, ki sa yon eleksyon ye, ki sa yon revizyon konstitisyonèl te, ki sa yon nouvo konstititsyon ye e ki prensip konstitusyonèl ki gide yo kòm ekzèsis demokratik, w ap konprann tout sa pou fè pou elabore yon konstitisyon ki kredib e lejitim. Men sa pa garanti konsisyans yon pwojè. Gen faktè konpetans lan tou nou pa ka inyorel si nou vle konstitisyon an efektif, efikas e dirab.
Sa vle di gen yon lòt anje ki pi fò lè w ap fè yon konstitisyon. Anje sa a se anje yo pa janm pale de li a. Se anje teknik yo. Se pa San Rezon Nou pa tandew diskisyon sou ki moun ki pi kalifye pou travay sou yon pwojè konsa. Se pa san rezon yo ekatel kèk moun ke, poutan, sosyete a konnenm ki metrize domén lan, se pa san rezon gen enkoyetqns ant manm Gwoup travay ak komite pilotaj la nan jan yo rele refòm konsyitisyonèl la, se pa san rezon nou wè pa gen deba, se pa san rezon, ekzèsis la redwi a resevwal pwopozisyon sektè, kole yo ansanm epi remèt 1059 paj kòm travay ekspè GTK yo.
Aksyon otorite yo k ap travay sou pwojè a pa montre sa non plis. Olye yo poze yon ansanm aksyon ki vize garanti kredibilite ak léjitimite pwosesis la, yo mete nan tèt yo se yon pwojè y ap jere, se yon djòb y ap fè, se yon, se yon dwa yo genyen pou bay peyi a yon lòt konstitisyon. Alòske, an prensip, pou modifye yon konstitisyon, se lalwa ki bay dwa e ki di ki jan ou ka fè sa. Si jounen jodi a nou oblije kanpe sou aplikasyon konstitisyon 87 la e bay tèt nou yon lòt zouti legal pou nou dirije tranzisyon an, fòk dabò nou dakò se prèske tout fòs viv peyi a ki te dakò sa lè yo sinye akò 3 avril 2024 la ki kreye KPT a.
Se menm akò sa a ki di priyorite tranzisyon an se sekirite, referandòm, eleksyon. Sa ki vle di, li pa fè sans, e sa rele koken, lè yon moun sinye akò a, li nan KPT epi li di konstitisyon 87 la pa bay dwa pou moun chanje li. Men pa gen anyen kap fèt la a depi lè nou adopte amandman Preval la ki nan konstitisyon an. Pa gen okenn mwayen pou respekte konstitisyon e bas lejitimite KPT a se pa konstitisyon an, se akò 3 avril 2024, dekrè 10 avril 2024.
Sou anje teknik yo nou konstate KPT a ak gwoup travay la pa rive ni analize ni konprann baz legal ki ba yo lejitimite pou chanje konstitisyon an. Si yo te analize l teknikman yo t ap wè akò a ak dekrè 17 jiyè 2024 la se pi gwo obstak pou refòm konstitisyonèl la. Jan yo mande pou fè refòm konstitisyonèl la pa reponn ak sa ki ekziste nan dwa konstitisyonèl. Mwen te atann mwen ekspè ak espesyalis ki nan gwoup travay la t ap wè sa pou yo pwopoze amandman nan dekrè a men se konsiltasyon ak asiz ki t ap fèt. N ap raple dekrè a pale de «débats participatifs et inclusifs» e non konsiltasyon ki gen yon karaktè selektif pou nou pa di diskriminatwa menm jan Magalie Comeau Denis ak anpil moun nan sosyete a.
Sa vle fè konprann, sa k ap fèt la gen yon doub defisi legal. Dabò nou kite liy, kontèks ak fason konstitisyon an di pou amande li epi nou vyole akò 3 avril 2024 ak dekrè 17 jiyè 2024 la ki di ki jan pou KPT a fè referandòm lan. Answit nouvo konstitisyon an pa gen lejitimite politik pliske majorité pati politik, sektè kle ak popilasyon nan peyi a pa dakò ak li. Depi otorite yo te pran libète vyole qkò 3 avril la ak dekrè a san konsantman pati ki te sinye akò a, yo te gen tan ao travay pou krazel kredibiliteak léjitimite yo.
Mwen te ekri sou sa, men yo pa okipe m. Anpil pati pa ta renmen pwoblèm yo rezoud. Yo ta plis renmen sitiyasyon an pouri nèt pou KPT a ka ale pou yo ka fè ti kout pa yo. Pèdi tan ekri tèks pou idantifye pwoblèm yo e pwopoze ki jan pou rezoud yo pa enterese aktè ki fò nan politik nan peyi a. Se travay «idiots utiles», moun ki pa konn sa yo rele pouvwa.
Se vre mwen di pa ka gen konstitisyon san asanble konstityant. Men se pa sa dekrè a di. Si yo te pran ankont anje teknik yo lè y ap chwazi manm enstitisyon k ap dirije refòm lan yo t ap konn sa. Se pa aprè yo fin depanse kòb, mache fè rankont pou yo ap di yo dakò ak sa kèk sektè di nan sans sa a. Donk manm GTK yo pat janm konnen si enstitisyon ki la pou redije konstitisyon rele asanble konstityant. Si yo pa konnen sa, poukisa se yo ki nan plas pou fè konstitisyon an? Nou konnn repons lan, se paske inisyativ ekri yon nouvo konstitisyon gen anje politik ak ekonomik ladanl.
Dekrè 17 jiyè 2024 la di te dwe gen 3 Gwoup travay. Poukisa se yon sèl yo fòme? Li di fòk gen yon Konferans nasyonal pou rekonsikye nasyon an ak tèt li e pou kreye kondisyon pou referandòm lan ak eleksyon yo. Poukisa ki pa fèt? Li di se pou tout sekté yo bay dizon yo sou pwojè a. Tout pati politik ki pi Koni yo e tout sektè kle nan vi nasyonal la di non yo pa dakò jan lap fèt la. Li di se gwoup travay la ki dwe ekri pwojè nouvo konstitisyon an épi remèt li nan 3 mwa bay KPT pou òganize referandòm lan, poutan se komite pilotaj la ki ekri l. Sa libre divyo se pa sa kap fèt. Pou ki sa ?
Sou menm kesyon anje teknik yo, ni komite pilotaj la ni Gwoup travay sou konstitisyon an pa rann yo kont dekrè a pale a la fwa de révision konstitisyonèl e de nouvo konstitisyon an menm tan. Premye entèvansyon mwen fè nan medya sou sijè sa a se te pou m kritike GTK ki pa sispann klewonnen se yon revizyon konstitisyon l ap fè. Malgre tout presizyon teknik mwen pote pou m eksplike revzyon se menm bagay ak amandman e ke otorite ki la yo pa gen pouvwa pou amande konstitisyon an, olye yo ban m kredi a yo eseye jistifye erè teknik sa aak yon pakèt agiman fo e ensanse ki pa gen okenn konsistans teknik.
Finalman, sou insistans mwen, kèk manm nan komite pilotaj la oblije itilize mo nouvo konstitisyon an. Men gen yon pwoblèm, paske yon pati nan otorite an fonksyon yo adopte presizyon mwen an e yon lòt pa dakò. Pami otorite ki dakò yo nou ka site ansyen depite Franck Lauture, Premye minis Enex ki se 2 jiris. Nan sans sa a, yo pi fasil konprann presizyon mwen yo. Pami Sila ki kontinye itilize mo revizyon konstitisyonèl la nou ka site ansyen Jerry Tardieu ak minis Gracien Jean. Sila ki di se revizyon yo, di mo yo pa gen enpòtans. Nou ka kreyel konsè men se pa nan fè lwa. Gen yon bagay yo rele littérature juridique ak lejistik. Yon refòm konstitisyonèl la s bouche swa sou yon revizyon ou sou yon nouvo konstitisyon. Donk tèm jenerik la pa revizyon ki se menm bagay ak mamdman.
Nan yon deba sou radyo Scoop FM nan Pòtoprens, Gracien Jean diskite ak mwen pou jistifye se revizyon li ye. Poutan menm jou a, mwen wè Franck Lauture ap defann ke se revizon konstitisyonèl li ye. Men li pran tout prekosyon pou l pa ban m kredi a. Nan menm lojik sa a, Maten 27 me a, mwen tande Enex Jean-Charles ap eksplike sak fè l pa ka revizyon pou ka jistifye lejitimite otorite enterimè yo pou fè yon nouvo konstitisyon olye de yon revizyon. Men tout chanjman pozisyon sa yo fè a pati tèks mwen pibliye, epi twouve yo tou nan divès soti medyatik mwen fè yo. Bagay sa yo pa inosan. Se ekspresyon anje politik yo.
Tout moun ki enplike nan pwosesis la toujou pran prekosyon pou yo pa site non mwen, menm lè manm lan ap itilize agiman mwen yo pou defann pozisyon l. Jodi a ankò, pwofesè Enex Jean-Charles evite site non mwen sou karayib. Petèt se paske li panse se yon diskisyon prive nou te genyen e li panse pozisyon pa l la se li ki bon. Mwen ka konprann sa. Men 25 mas 2025 sou métropole, Mèt Frank Lauture itilize tit tèks mwen an janm ekri l la pou l defann avan-pwojè a kont moun ki di li pa bon yo. Jounalis Wendell Théodore ekspoze sa li panse de deklarasyon kèk pèsonalite koni ki di travay la pa bon tankou ansyen senatè Steven Benoit ak jounalis Frantz Duval. Olye Franck site non mwen, li prefere di li wè yon lòt moun ki ekri l :« l’avant-projet de la nouvelle constitution est peu crédible, totalement illégitime mais pas totalement inconsistant». Se tèks Mwen an men pat gen sifizaman pwobite entèlèktyèl pou bam kredi menm si l ap site m.
Ou remake se yon ekip ki abitye fonksyone ansanm kap dirije refòm konstitisyonèl la. Nou pa janm poze tèt nou kesyon pou ki sa gen kèk figi Koni pèp la konnen ki gen konesans nan domèn dwa konstitisyonèl yo pa envite nan pwojè a. Nou pa janm chache konprann poukisa Pierre Antoine Louis ki te konseye Jovenel te la Epi li pa la ankò. Yo ranplase 3 manm ki demisyone san arete nominasyon. Nou pa janm analize pou ki sa Louis Nau ki se pilye pwojè referandòm Jovenel la te revoke nan sekretarya teknik òganizasyon konferans nasyonal la. Ebyen se anje ekonomik ak anje politik yo ki lakoz sa. Mwen ekri sa lontan nan dokiman mwen te ekri pou nasyon an. Se feblès sa yo avan-pwojè nouvo konstitisyon an ap peye la a.
Poutan akò a te mande pou tout moun patisipe nan pwosesis la. Men pou sa fèt, fòk moun k ap enplemante akò a te kreye kondisyon pou sa. Kondisyon yo se dirije leta yon fason pou tout ou majorite pati politik ak sektè yo pa santi yo leze, asire yo jan nominasyon nan bwat leta yo ap fèt nan enterè tout pati yo, asire yo jan KPT ap chwazi moun pou mennen pwosesis refòm konstitisyon an respekte akò ki kreye l la, jwenn sipò klas politik epu reflete aspiration popilasyon an. Se pou sa akò a kreye yon fowòm deba ki rele konferans nasyonal.
Dapre jan dekrè a prevwa pwosesis la, Gwoup travay yo dwe fè dyalòg enstitisyonèl la. Sa vle di dyalòg ak pati politik, gwoup enterè e asosyasyon yo. Aprè, dyalog la te dwe abouti a yon tèks konstitisyonèl. Malerezman GTK fè konsiltasyon e li pa ekri okenn tèks. komite pilotaj la kreye yon komite pou ekri nouvo konstitisyon an. Gen moun ki remete an kesyon régularité pwosesi ki itilize pou ranplase 3 nouvo manm nan komite pilotaj la san arete nominasyon. Sa se yon lòt pwen ki ka mete an dout léjitimite konstitisyon an. Otorite dekrè a te di ki dwe ekri nouvo konstitisyon an se pa li ki ekril. ( Incompétence rationae personne ).
Pou fini, sou plan administratif, sosyal ak politik, pa gen anbyans ki kreye pou retabli sekirite nan peyi a yon fason pou popilasyon an ka patisipe nan pwosesis la. PNH la fè anpil jefò. Sipò KPT a te panse li t ap jwenn nan men Kominote entènasyonal la, li pa jwenn li. Kèlkeswa eskiz la, reyalite a pa chanje. Peyi a divize, pèp la nan kouri, ensekirite a ranfòse, batay pou pouvwa a rèd. Nou dakò se pa komite pilotaj la ki responsab tout bagay sa yo. Se sa ki fè mwen pa ka lage tout chaj yo sou li. Men sa pa vle di li pa gen responsabilite pa l sou plan teknik.
Pa ekzanp, pa gen kowòdinasyon nan pilotaj pwosesis la. Pa gen inite nan mitan manm yo. 5 manm komite pilotaj la te ekri yon lèt pou avili komite a, moun demisyone san pèsonn pa konn pou ki sa, yo revoke pèsonaj santral pwosesis la ki se Louis Nau, pa gen moun ki konn pouki. Lòt kote, ekip la pa rive bay agiman valab pou defann pozisyon l, manm yo gen agiman kontrè nan deba piblik epi Jodi a, apse a pete. Bagay sa yo afekte kredibilite travay la. Baw sa ki fè ouvtanse tout moun qpnmande agiman yo pa ka jwenn.
Pèsonaj santral refòm nan monte okreno pou denonse travay komite pilotaj la. Pa gen Konferans nasyonal non plis. Ou pa ka fè yon konstitisyon konsa.
Mwen pwopoze pou nou kenbe tèks la menm si nou kanpe sou pwosesis la, pou nou jwenn solisyon ki ka remete peyi a nan yon anbyans ki favorab a yon bon referandòm e bon eleksyon. Kontrèman ak sa anpil moun ap di, tèks la gen anpil kalite sou plan fkonsepsyon, lejistik, ekriti, atil. Men li gen anpil feblès kiltirèl, teknik ak politik.
Mwen pare poum pran tèks la poum fè pati koreksyon pam pou peyi a. Onètman, mwen t ap bay tèks la 65 sou 100, menm si mwen panse li plis ke 50 pousan merite gwo pase men. Tèks la pa nil ditou, li manke mezi, presizyon nan itilizasyon mo, teknisite, epi pwofondè nan rezonman ki a la baz relasyon ant pouvwa yo.
Majorite sa ki ekri nan tèks la gen rapò ak pwoblèm ki konn idantifye kòm pwoblèm peyi a. Yon sèl bagay, li bon pou pran ankont sa pèp la di, men se pa sa pèp la di ou dwe ekri nan konstitisyon an. Ou dwe sèlman enspire w de sa l di pou ekri yon bon konstitisyon pou li. Rès travay la se pou teknisyen ki konnen. Se yo ki ka ekri nan konstitisyon e ki sa li ap ekri. Nou pa ka rale rapò GTK a pou nou di travay komite pilotaj la pa bon. GTK pa kite okenn dokiman. 1059 paj la reflete pozisyon klas politik la ak sektè òganize peyi a. CPT a pa bezwen tante pase an fòs ak avan-pwojè sa a paske li pa lejitim, li pa kredib. Men li ka rete yon dokiman travay pou nou pa gaspiye ni tan ni lajan ankò, paske teknikman li gen bagay ki bon.
27 me 2025
Ansyen senatè Kedlaire Augustin