Categories

Most Viewed

REYAKSYON OFISYÈL ANSYEN SENATÈ KEDLAIRE AUGUSTIN SOU RIMÈ ARESTASYON LI K AP KOURI SOU ENTÈNÈT LA

www.limitlessposthaiti.com

Limitless Post Haïti

Insertion demandée || 27 jwiyè 2025

An 2020, yon gwo deba sou konstitisyon an mete fas a fas Prezidan Jovenel Moïse ak opozisyon an. Nan menm ane sa a, yo asasinen Mèt Monférier Dorval menm jou li te fin patisipe nan yon emisyon sou gwo kriz politik ki t ap brase bil peyi a.

Menm ane sa a, swa 12 mas 2020, vè 2 zè aprè midi, mwen viktim yon tantativ asasina nan zòn puiblen pandan m ta pral chache pitit mwen lekòl. Aprè atak la, mwen te ale lopital Lapè pou m al pran swen. Kòm mwen potko ka pale nan moman atak t ap fèt la, se jis vè 6 zè aprè midi mwen te resi ka pale ak Valery Numa ak Garry Pierre Paul Charles pou m di yo sa m sot viktim.

Nan demen, se pa ti sezi mwen te sezi lè m tande kijan non mwen t ap sal sou rezo sosyal yo pandan komisè Gospel ki t ap dirije konplo a te fè m eskiz. Aprè sa, enspeksyon jeneral PNH la deplase vin fè m eskiz, epi chèf gouvènman ki se chèf CSPN nan pibliye yon lèt pou l prezante m eskiz ak tout Sena a. Yo pa pale de nouvèl sa yo ki se vrè vèsyon an. Yo te kòmanse yon gwo kanpay asasina karaktè sou mwen depi lè sa a.

Kèk tan aprè, menm moun yo te itilize pou bay manti sou mwen yo kòmanse mache nan radyo youn aprè lòt pou pote demanti sou sa yo te di oubyen fè pou kòb ak djòb. Entèvansyon moun sa yo te fè nan laprès pou demanti difamasyon yo te fè kont mwen yo pat pibliye nan laprès ak menm vitès mansonj yo te pibliye a. Sa vle di atak sa yo pa fèt konsa konsa. Se bagay planifye e kòmandite.

Chapo ba pou Louko, Marvel, Jean Mona, Wendel, Stanley Lucas ak Crispin ki te kondane piblikman tantativ asasina mwen te viktim 12 mas la. Gen anpil moun ki jis jounen jodi a te di yo gen respè pou entèlèktyèl mwen ye a, men yo trouve mwen pa t defann tèt mwen ase. Men pou m te defann tèt mwen, fòk lapolis te akize m. Tout enstans PNH la te prezante m eskiz e prezante sa ki rive a kòm yon malantandi. Sena Repiblik la, OPC ak FJKL te kondane zak la ak anpil lòt zak menm komisè sa a te fè sou yon lòt depite ak anpil lòt sitwayen.

Nan mande rapò, se pa ti menas mwen te resevwa nan telefòn. Mwen te bay DCPJ yon nimewo enkoni pou m te ka idantifye moun k ap fè m menas la, men, yo te di m natcom pa t vle idantifye apèl, se digicel ki fè sa. Sou ensistans FJKL, OPC ak Sena a, Pòt pawòl Louis-Jeune te bay yon konferans pou la près ki sou youtube pou di se paske mwen pa t di si m te senatè Kedlaire ki fè sa te rive la.

Mwen pat ka gen sekirite, mwen toujou pou kòm epi gen nèg ak zam ki t ap swiv mwen. Lè m wè sa, mwen te oblije fè yon bagay m pa fin renmen filozofi li. Mwen te oblije pran 2 polisye palmantè pou te ede m. Malerezman tou 2 vin mouri.

Moun ki pa t konprann silans mwen yo, se paske yo pa t konprann vrè rezon atak an seri mwen t ap sibi yo. Mwen menm tou mwen pa t konprann nan kòmansman. Se lè yo vin asasinen Dorval la mwen kòmanse sou men m. Mwen pa t gen chwa ke fè silans nan tout dosye konstitisyonèl sa yo.

Dorval se te pwofesè dwa konstitisyonèl e prezidan Federasyon bawo Ayiti. Mwen se te pwofesè dwa konstitisyonèl e Prezidan komisyon refòm konstitisyonèl sena a. Sa vle di pozisyon nou t ap fè anpil enpak nan deba sou konstitisyon an ak lòt gwo dosye ki te divize peyi a nan moman sa a.

Objektif moun ki dèyè kou sa yo se fèmen bouch tout vwa otorize nan kesyon dwa konstitisyonèl nan peyi a. Yo asasinen Dorval, yo manke pran m 2 fwa. Nan dènye atak la, ajan sekirite m tonbe anba bal bandi nan yon atak yo fè sou mwen 15 jiyè aprè asasina Jovenel.

Tantativ asasina fizik sa yo ap fèt an menm tan ak yon gwo kanpay asasina karaktè yo deklanche pou mete m a la defansif e pou diskredite opinyon mwen te ka bay sou referandòm konstitisyonèl la ak sou manda prezidan ak Senatè yo. Malgre anpil moun nan sosyete a di yo bezwen tande pozisyon m, mwen te fè silans, paske finalman mwen te konprann motivasyon tout atak mwen t ap sibi yo.

Nou pa wè sa t ap dwòl, pou peyi a ta gen deba k ap fèt sou gwo dosye konstitisyonèl sa yo epi pou nou pa t tande pozisyon m! Si nou te eseye etabli lyen ki genyen ant dosye konstitisyon an, asasina Dorval, tantativ asasina ki fèt sou mwen yo e ki transfòme an asasina karaktè, nou t ap sou men nou tou. Men lè sa a, malerezman batay politik la te fatal anpil nan peyi a.

An 2025, deba sou konstitisyon an tounen ankò nan aktyalite politik la. Anpil moun ki metrize dwa konstitisyonèl e ki wè jan lavi Dorval te pase, fè silans. Fwa sa a, mwen deside pale nan deba yo, malgre dirijan yo pa t jije li nesesè pou te konsilte m menm jan yo fè sa pou anpil lòt sitwayen.

Mwen patisipe nan anpil emisyon, mwen prezante yon dyagnostik sou rapò gwoup travay sou konstitisyon ( GTK ) an ki gen prèske 100 paj. Mwen bay tout feblès ki gen nan rapò sa a. Mwen ekri plis pase yon douzèn atik sou tout etap pwosesis referandòm lan. Mwen bay tout rezon teknik ki fè li pa gen lejitimite.

23 jiyè 2025, mwen entèvni nan emisyon maten deba pou m kritike dekrè referandòm lan ki gen yon chapit ki di moun pa gen dwa konteste nouvo konstitisyon an depi li fin vote e pibliye nan monitè ( art 88 ). Sa pa t pran tan pou asasina karaktè a te reyaktive Kont mwen ankò. Rapidman nan demen, mwen wè radyo Monopole ak Gazette Haiti lage yon rimè kòm kwa yo arete m USA.

Donk se menm mòd operatwa yo, pou menm rezon yo. Objectif la se asasinen karaktè w pou w pa kritike pwosesis referandòm lan ankò, sitou yo anonse yo pral pibliye nouvo konstitisyon an. Yo voye sinyal la ban mwen avan l sòti, swa pou m konprann pou m fè silans ankò, swa pou fè popilasyon an pa tande opinyon m sou konstitisyon an ankò. Se sa ki politik Ayiti a.

Poutan, objektif mwen se te kritike pou konstwi e non pou detwi. Apwòch mwen yo teknik, yo baze sou dokiman ofisyèl enstans k ap travay sou konstitisyon an prezante, tankou rapò konsiltasyon GTK a te reyalize yo, avan pwojè konstitisyon komite pilotaj la pwopoze a, dekrè sou referandòm KPT a pibliye a. Fondamantalman, analiz mwen yo baze sou lejistik ak dwa konstitisyonèl.

Depi w metrize dwa konstitisyonèl, yo gen 3 fason yo jere w pou pa deranje sistèm nan:

  • Kolabore ak yo nan tout sa y ap fè
  • Asasinen karaktè w pou fòse w fè silans
  • Asasinen w fizikman tankou Dorval.

Nan yon peyi kote manipilasyon ak mansonj ap taye banda nan mitan yon mizè materyèl ki makonnen ak yon mizè entèlèktyèl, pa ka gen demokrasi ni devlopman. Yo pwograme pèp la pou l toujou pran viktim yo kòm bouwo. Zam efikas yo itilze se asasina karaktè ak asasina fizik.Youn pa mache san lòt. Se de jistès e gras a Bondye ki nan syèl la ki fè mwen pat swiv Dorval an 2020 ak 2021.

Jan mwen toujou di l, chanje konstitisyon se yon desizyon ki gen gwo enterè ki kache dèyè l. Enterè sa yo politik, ekonomik, jewopolitik e sosyal. Lè yon ekip deside lanse yon inisyativ konsa nan yon kontèks kote popilasyon an pa fin dakò ak jan li vle fè l la, l ap pran tout mezi pou l reyalize objektif li. Fòk ou ta nayif anpil pou w ta panse se yon senp egzèsis akademik k ap fèt la a.

Ti rimè arestasyon sa a ou wè yo ap fè kouri sou mwen an se pou m ka fè silans. Nan menm sikonstans yo, menm koz yo toujou bay menm rezilta yo. Tout atak mwen t ap sibi yo se jalouzi ak gwo enterè ki kache dèyè gwo dosye ki gen rapò ak dwa konstitisyonèl yo. Mwen blese nan lang deja, mwen pa ka pa konn gou san.

Mwen te vin nan politik pou m te ka mete konesans mwen nan domèn nan a dispozisyon peyi a, men gen lè konpetans mwen an plis deranje. Li kreye anpil jalou tou wi. Nou pako janm konprann gen menm palmantè ki pa renmen lè pèp la ap mande moun konpetan. Lè w konpetan ou pa ka dakò tout bagay, ou jenan, ou anbarasan. Sitou si yo pa ka achete silans ou.

Pou manti mwen wè ki t ap bay sou manda prezidan ak senatè yo, si m te pale mwen t ap gentan mouri lontan, paske batay la te mabyal. Si w deside mouri pou yon moun ki pa menm rekonèt se pou li ou mouri se kòmsi ou te mouri pou anyen. Lè sa a ou pa mouri an ewo, ou mouri an zewo.

Menm pou fanmi ak zanmi k ap soufri de zak malonèt m ap sibi depi 5 an pou gwo dosye sa yo, m ap oblije fè silans sou dosye referandòm konstitisyonèl la ak kòd penal la. Se pa lach mwen lach, se pa konviksyon mwen manke, se pito sajès ak matirite politik ki fè m oblije pran yon desizyon konsa.

Vandredi 25 jiyè 2025.

Kedlaire Augustin
Ansyen senatè

    Leave Your Comment

    Forgot Password

    Register

    //madurird.com/4/4112177