AKÒ GLOBAL POU ESTABILITE, LAPÈ AK PWOGRÈ
25 Lane pou sove Ayiti
7 fevriye 1986 te pote anpil lespwa pou kòmansman TRANZISYON DEMOKRATIK Ayisyen an. Lespwa nou malerezman gaspiye lè nou pa te rive fè diferans ant « Diktatè tonbe » ak « rejim diktati kaba ». Pi mal, apa eslogan pasi pala, apa kontantman pou ESKLIZYON MAKOUT yo, nou pa te vrèman poze pwoblèm sosyal ak ekonomik yo nan nannan yo epi deside solisyone yo ak bonjan politik piblik nan Leta a.
Masak Riyèl Vayan ak KOUDETA sanglan 30 Septanm 1991 se te pi gwo ekspresyon kontradiksyon malouk pwotagonis epòk la pa te genyen « kapasite depase » nan chita pale epi tabli prensip pou reyisit TRANZISYON DEMOKRATIK la.
Retou Prezidan TITID nan lane 1994 ak 20 000 sòlda meriken sou tè Charlemagne PÉRALTE la te vle di nou te prefere solisyon BLAN an olye nou gade youn lòt nan je epi tabli yon akò global pou reyisit TRANZISYON DEMOKRATIK apre 1986 la.
Nan lane 2004, Grenn Nan Bonda ! Prezidan Jean Bertrand ARISTIDE, pou tout GNBis yo, se te yon gwo DIKTATÈ ki pa t merite pèsonn chita dyaloge ak li pou sove TRANZISYON DEMOKRATIK la. Akòz entranzijans aktè Ayisyen yo ankò, mouche BLAN deside nan plas nou. Jera Latòti vini. Operasyon Bagdad ! Represyon ! Yon ti akalmi pou yon ti tan, jis pou nou te rive fè eleksyon nan lane 2006 san nou pa poze okenn pwoblèm pwofon sosyete a malgre eslogan « Nouvo Kontra Sosyal » Gwoup 184 la.
Nan fen 2e manda René PRÉVAL, nou te gentan sou 25 lane apre 1986. Tranzisyon Demokratik la poko te janm pran jarèt tèlman n ap virewon san nou pa konstwi enstitisyon yo nan kad yon akò global pou tabli estabilite politik pou bonjan devlòpman sosyal ak ekonomik.
Nan lane 2011, Michel MARTELY, yon neyodivalyeris san eksperyans nan Leta, jwe sou fristrasyon lejitim pèp la genyen kont politisyen yo pou li pase pou altènativ. Li pran pouvwa ak konplisite anpil zanmi nan entènasyonal la paske se solisyon ki te parèt pi fasil pou kalme lari a.
Apre 5 lane san gwo bilan, san eleksyon, se yon Gouvènman Pwovizwa ki te oblije ranplase Prezidan Mateli. Prezidan Jocelerme PRIVERT fè eleksyon, Jovnel MOÏSE, kandida Prezidan Martely t ap kore an, rive pran pouvwa an 2017. Neyodivalyeris yo te pati pou 2 manda ! Prèske menm ti kase double Lavalas la !
An 2021, demokrasi a frajilize pi rèd ! Enstitisyon yo fann an miyèt mòso ! Leta a pi fèb pase anvan, peyi a tounen yon lanfè, zam fè mikalaw, chèf gang tounen lamòd, sitwayen pa ka viv, lajenès prèske fin dekouraje. Epi, olye nou chita pale, nou retounen ak menm resèt fasil la ki di se jis ranplase yon ekip pa yon lòt ekip san okenn AKÒ an pwofondè.
Anpil nan nou mete ak zanmi etranje kwè se eleksyon k ap rezoud kriz global nou gen la a. Depi kilè senp operasyon elektoral te ka rezoud kriz egzistansyèl yon nasyon ?
Genyen ki di se « Gouvènman Pwovizwa » ki pou pote solisyon an. Èske « Gouvènman Pwovizwa » se yon bagèt majik k ap ka geri toudenkou ansanm blesi k ap toupizi sosyete a san nou pa chita antrenou ? Lè n pran tan pou n gade ansanm tolalito nou fè apre 7 fevriye 1986 yo, li klè se an won n ap vire detanzantan. Malerezman, depi gen virewon ap genyen toudi, epi depi genyen toudi, pa fouti pa gen tonbe. Konnya, gen yon kesyon ki fondamantal : « kijan pou nou leve ? »
1986-2021 : 35 lane gaspiye an griyen dan. TRANZISYON DEMOKRATIK AYISYEN an poko janm reyisi. Olye nou avanse, se kase nou kase tèt tounen. Konnya, fòk nou sèmante pou nou omwen sove 5 pwochen manda prezidansyèl nan 25 pwochen lane yo nan kad yon pwojè sosyete refondatè epi modèn. Lè sa, n ap konsidere 2021-2046 tankou 25 lane pou remanbre enstitisyon yo nan estabilite politik epi pou konstwi baz veritab devlòpman sosyal ak ekonomik tout pitit peyi an ap tann pou respire a.
Fòk nou dakò chita pale yonn ak lòt pou nou mete n dakò sou sa ki koz malè nou kòm pèp. Fòk nou fikse responsabilite yo je nan je epi pran dispozisyon pou nou relanse ansanm sou yon lòt baz !
Nou menm nan “Mouvman Nasyonal pou Transparans-Toutouni”, nou mande yon kanpe, yon kanpe pou nou chita, yon chita pou nou pale, yon pale pou nou adopte ansanm yon gwo akò global sou kijan pou n rive kreye estabilite, lapè ak pwogrè pou omwen 25 lane k ap vini yo. Ann fè sa pou jèn ki san espwa yo ! Ann fè sa pou granmoun nòstalji ap touye yo ! Ann fè sa pou lavi retounen boujonnen sou ti bout tè zansèt nou yo kite pou nou an. Ann kase randevou ak « Dènye Tranzisyon » an nan kad yon Akò Global san esklizyon pou 25 lane estabilite politik pou bonjan devlòpman sosyal ak ekonomik !
Pòtoprens, 24 mas 2021
Pou otantifikasyon :
• Jorchemy JEAN BAPTISTE
• Jean Fritznel RENÉ
• Pascal ADRIEN