Categories

Most Viewed

André Michel ! Par Daly Valet

Limitless Post

www.limitlesspost.com

Dat 14 septanm 2022.-

Si Andre Michel ka avoka tout yon pèp, sèke li ka defann pwòp tèt li. Kidonk, li pa bezwen m pou avoka l. Alòs se pa dyòb defansè l m ap fè la.

Gen yon tan Andre Michel te toujou bò kote

Pèp la. Jodi a nou konstate san nou pa etone ke li pa nan bon bò a. Li nan bò yon pouvwa ki gen yon bilan antipèp, anti-majorite nasyonal la. Li nan erè. Sepandan, pa gen pyès lojik politik k ap konvenk mwen pitit gason Lamontay la nan Jakmel se pwoblèm peyi a. Andre Michel pa pwoblèm peyi a ki pou anpeche nou domi lannuit. Li se jis yon lòt egzanm jenerasyon politisyen parèy li yo ki pa rive gen vizyon yon òm deta ki wè pi lwen ke bout nen yo. Sa pa yon kòz pou nou fè l tounen lènmi nimewo 1 peyi a ki merite tout kalte move tretman jouk rive nan dechouke kay li.

Se majorite eleman klas politik ak klas ekonomik k ap domine yo la nan moman an ki merite nou rejte yo e ki merite nou ba yo katon wouj. Sa k dwòl la, sila yo ki fè peyi ak pèp la chita nan salon lakay an Ayiti ou lòt bò ak ri nou pou nayivte n kòm pèp ak anfantiyay avoka a. Pou ki se sou Andre Michel sèlman nou fè koukouwouy ? Nan kanpay sal ak vyolan sa kont dirijan SDP a, alye avèg pouvwa demisyonè ak enkapab Ariel la, mwen pa kwè vrèman se pèp k ap vanje l kont youn nan lènmi li yo. Dechoukay sa plis sanble yon operasyon vandeta politik. Sa vle di yon operasyon règleman kont ki gen kòmanditè dèyè l pou yon rezon ou yon lòt.

Anpil malfini, anpil zwazo malè tout plimay ap vole nan konjonkti a la. Nou pa konnen sa k mal sa k femèl. Sa nou konnen poutan byen tankou pòch nou, sè ke se pa Andre Michel ki pwoblèm majè peyi Dayiti. Andre MICHEL plis tapajè ak bouch li ke nan aksyon. Gen lòt rat politisyen mode soufle ki pi vyolan pase l nan aksyon. Yo ka fè koudeta, destabilize yon peyi, touye prezidan nan yon minit. Men se yo se pa yo.

Mezanmi an al pi fon. An al pi fon nan poze pwoblèm yo nan peyi a ak nan idatifye lènmi politik ak ekonomik pèp ayisyen an. Andre Michel se yon ti kontraryete, yon desepsyon k ap pase. Pwoblèm estriktirèl yo, aktè ekonomik ak politik yo k ap bay sistèm peze sousè a tete ak jarèt, yo la depi 2 syèk. E yo ka kontinyè la toujou pou lòt syèk ankò si nou kontinye ap pran tankou gwo nanm Anèt pou Sizèt, ou byen Andre Michel pou kòz malè istorik ak konjonktirèl peyi a.

Daly Valet

14 Septanm 2022

    Leave Your Comment

    Forgot Password

    Register

    //ptaiceckir.net/4/4112177