Categories

Most Viewed

Nasyonalis okazyon ! Par Daly Valet

Limitless Post

4 septanm 2022.-

Depi lè Claude Joseph te nan gouvènman Tèt Kale a li te montre li se yon nasyonalis ki pa tolere pou Ayiti tounen dèyè lakou Sendomeng. Ak rezon. Jouk jodi a li kenbe menm liy konba sa devan Dominiken yo. Se byen. Ansyen PM nan deja montre nasyonalis li a ki vize Repiblik Dominikèn pral jwe yon gwo wòl nan kanpay elektotal li pou l vin prezidan.

Sa mwen pa fin konprann nan nasyonalis grenn soulye sa sè kè li vize sèlman vwazen panyòl la. Paske menm nasyonalis sa k ap bat lestomak douvan enjerans ak frekansite Dominiken yo, se menm nasyonalis sa tou ki ap ekri lèt pou mande Ameriken ak lòt fòs etranje vin okipe Ayiti militèman. Donk yon pwojè newokolonyalis ki la pou kenbe avi sistèm pouvwa restavèk nan peyi a. Etranje sa yo deja okipe Ayiti nan domenn politik. Kidonk, ansyen PM Claude Joseph vle dominasyon ameriken an Ayiti vin total. Lekòl lage, baryè lib pou opòtinis sèvitè pwojè antinasyonal.

Fòm nasyonalis grenn soulye sa twonpe sèlman ti nayif yo. Pa moun ki gen konprann e ki konprann jwèt la. Yon patriyòt nasyonalis dwe rete antye tout tan devan nenpòt ki eleman etranje ki deside soumèt ak domine patri a.

Yon pwojè politik vrèman nasyonal dwe goumen pou retabli diyite nasyonal Ayiti nan liy ideyal desalinyen an, men nan kole zepòl ak tout lòt nasyon ki respekte nou kòm pèp majè e ki vle fè chimen ak nou nan kad bon jan kowoperasyon pwofitab, respektab ant pèp ak pèp.

Nou pa nan nasyonalis okazyon ak grenn soulye. Pèp Ayisyen an dwe konnen avni l se nan diyite, souvrènte, amoni sosyal, devlopman ekonomik ak jistis sosyal li ye. Pa nan pwojè lawont newokolonyalis yo.

Daly Valet

4 Septanm 2022

    Leave Your Comment

    Forgot Password

    Register

    //stoomtaft.net/4/4112177