Categories

Most Viewed

Kò Gwoup ak Sendomeng ! Par Daly Valet

Limitless Post

www.limitlesspost.com

Dat 6 septanm 2022.-

Tèks sa se dezyèm repons mwen pou ansyen PM Claude Joseph sou dosye dominasyon Sendomeng vle egzèse sou Ayiti. M ap raple tout moun mwen pa gen anyen pèsonèl ak Claude. Nou te gen bon rapò kòdyal nan lepase. Lè m te direktè jounal Le MATIN li te gen yon kwonik nan jounal la mwen te renmen anpil poutèt bèl lide yo ak bèl kout plim li. Li konn sa. Nou ka remake mwen pa nan rele l TiKlod. Mwen pa apresye diminitif sa pou li. Men depi li pran chimen sèvi rejim Tèt Kale a je fèmen mwen pa konprann li. E nou pa gen okenn kontak depi kèk lane. Dezakò m ak li se sou plan politik ak direksyon li te vle peyi a pran sou prezidan Jovenel ak kounye a.

Ayiti ap travèse yon moman istorik. Se youn nan moman ki pi danjre nan istwa nou. Yon moman kote pa gen Leta, peyi a pa p dirije, ekonomi kraze, sosyete a eksploze, anviwònman an delabre, pèp la vin pi mizerab e kote ganstè ak kostim e pye atè menase vi chak grenn kretyen vivan sou teritwa a. Desten nou kòm pèp ak tout peyi a an peril. Kidonk, se pa moman pou n ap griyen dan nan jere ti zanmi, ti klik, ti fanmi k ap fè demagoji politik ak avni nou.

Se moman kote nou tout dwe mete savwa nou, avwa nou, pouvwa nou ak eksperyans nou osèvis peyi a. Mwen menm mwen deside pa fè yon pa kita, yon pa nago pou m rete la sou teren an an Ayiti nan pote ti moso kontribisyon pa m nan batay istorik pou n chavire chodyè enjistis sosyal la, move gouvènans ak tout sistèm ki anjandre fenomèn antinasyonal sa yo.

Pèmèt mwen di Sendomeng pa pwoblèm Ayiti. Se Ayisyen ki premye pwoblèm Ayiti. Se Klas politik ak Klas ekonomik la ki kraze peyi a. Kidonk oligachi politik ak oligachi ekonomik lokal la se premye sous echèk Ayiti. Se gwoup oligachik sa yo ki mete peyi a ajenou e ki kòz pèp nou an dezespere konsa epi lage de bra pandye ap chache lavi toupatou sou latè. Matris imilyasyon frè ak sè nou ap sibi Sendomeng ak lòt peyi etranje, se pa sèlman Sendomeng, ebyen matris la se la an Ayiti nan sosyete nou an li ye. Se nan mitan nou la maleng lan, java a, kansè a ye. Netwayaj istorik ak remèd maladi a dwe soti lakay nou. Si nou pa trete pwòp Ayisyen parèy nou nan pwòp peyi natal li tankou moun, kijan nou vle pou lòt peyi respekte dwa moun yo ? Sitou lè yo sove kite mizè Ayiti pou ale nan peyi etranje sa yo tankou endijan .

Claude Joseph byen plase pou l konnen teyori relasyon entènasyonal ak diplomasi yo fè konnen, politik etranjè reflete politik enteryè yon peyi. Lòt nasyon pi respekte sitwayen yon peyi, lè menm sitwayen sa yo jwenn bon tretman kòm moun nan pwòp peyi yo. Si nou respekte Ayisyen andedan peyi a, n ap gen yon politik etranjè ki vize pou fè respekte Ayisyen tout kote yo pase kòm resòtisan peyi nou. Defi nou dwe leve a se komanse byen trete pèp nou an andedan peyi a, remanbre ekonomi a, redui jouk nou elimine mizè nwa k ap depafini ak popilasyon an, fè chak grenn Ayisyen vin pi byen ekonomikman, pi edike, pi enstui, pi byen fòme nan domenn pwofesyonèl, apre n ap wè se Sendomeng k ap vin fè chen nan pye nou pou vini lakay yo kòm touris ki gen lajan nan pòch nou pou depanse ak bon jan fòmasyon teknik pou travay lè nou deside al viv lakay yo san se pa move lavi ki pouse do n mete deyò.

Lot vrè pikankwenna nan pye Ayiti se asosiyasyon newokolonyalis sa ki rele Kò Gwoup la. Se youn nan manman penba pwoblèm nou. Se yo menm ki deside ki moun ki dwe prezidan ak Premye minis nan peyi a. Nan moman gwo kriz nou ye la se yo k ap fè lalwa. Se yo ki deside ki Konstitisyon nou dwe genyen, ki lè eleksyon dwe fèt ak ki dirijan ki bon pou Ayiti. Lojik nouvo kolon sa yo sè ke sa k bon pou yo foseman bon pou Ayiti. CLAUDE Joseph byen plase pou temwaye de sa piske li alafwa benefisye e viktim de lojik kolonyalis sa.

Mwen pase 9 mwa kòm Konseye Prezidan Privert nan Palè. Mwen te toujou prezan bò kote l nan gwo reyinyon ak Kò Gwoup sa. Lè blan sa yo chita sou yon tab ap di ki moun yo vle pou prezidan, kijan ak ki lè eleksyon dwe fèt e ak ki moun, ki eleksyon ki bon ak ki eleksyon ki pa bon, pa janm gen Dominiken prezan sou tab la. Se toujou blan Ameriken, Franse, Kanadyen, Alman, Espayòl, Brezilyen. Rayi chen di dan l blan, Privert ak ekip Konseye l yo pa t konn pran nan presyon Kò Gwoup sa. Nou te rive fè eleksyon ak lajan peyi a malgre presyon Blan sa yo ki te deside se Jovenel ki te genyen eleksyon 2015 ki te gate yo e ke se Jovenel yo toujou vle jouk an avril ak me 2016 lè nou te fê Komisyon Verifikasyon ( CIEV) pou evalye eleksyon 2015 yo e refè yo.

Ki moun e ki peyi ki kraze agrikilti diri nan peyi Dayiti pou anvayi n ak diri pèpè pa yo ? CLINTON, Etazini ak konplisite aktif elit ekonomik ak politik antinasyonal nou yo. Se pa Sendomeng. Ki peyi ki kraze ti metye tayè, kòdonye elatriye nan peyi a ? ETAZINI ak politik pote boure rad ak soulye pèpè an Ayiti. Ki peyi ki trete tankou bèt migran Ayisyen yo Texas ? Texas pa Sendomeng. Sendomeng trete migran nou yo mal. ETAZINI trete yo mal tou. Ki peyi nan istwa nou ki toujou dèyè Koudeta ak soulèvman vyolan pou ranvèse tout pouvwa popilè an Ayiti ? Se peyi Loksidan yo tankou Lafrans, Etazini, Almay, se pa Sendomeng.

Evidaman plis Sendomeng ap devlope ekonomikman, se plis l ap vle afime l sou sèn entènasyonal la akomanse sou vwazen l Ayiti. Se lwa natirèl jewopolitik. Jis gade konpòtman Lachin sou arèn mondyal la depi li tounen yon pisans ekonomik. Sa m vle di, se Ayiti ki pou ranje kò l pou Sendomeng pa vale l ak imilye l nan moman l ap pran manb nan domenn ekonomik . Lè Ayiti te yon peyi pisan nan rejyon an nou te domine menm okipe Sendomeng. Se konsa istwa jewopolitik mondyal la ye depi tout tan.

Sendomeng gen pwoblèm istorik pa yo ak nou. Nou gen pwoblèm istorik pa nou ak Sendomeng. Se pa nan manipilasyon elektoral politisyen kontansye istorik sa yo ap rezoud. Se pito nan bon jan dyalòg, echanj ekonomik ekitab, rapò diplomatik respektab ak reponsab ant pèp Ayisyen ak pèp Dominiken yo ap rive devlope bon jan amoni ant yo kòm vwazen sou menm moso tè a. Nou pa p janm rive elimine rasis Sendomeng. Menm jan an tou apre plis ke 2 syèk endependans, nou poko rive eradike sistèm sosyal ak ekonomik rasis la an Ayiti.

CLAUDE Joseph, tankou mizik Tropicana a di l : an al, an al pi fon frèran m ! Koze rapò Ayiti ak Sendomeng pi pwofon ke jan ou vle fè nou konprann lan. Se nòmal pou Dominiken yo vle jwe wòl enperyalis newokolonyalis an Ayiti si l wè savann lan louvri pou tout lòt enperyalis ak newokolonyalis Loksidan yo epi elit nou yo rete bèkèkè san di ni fè anyen kont sa.

CLAUDE Joseph, an al, an al pi fon frèran m. An nou mete lòd lakay nou. An nou trete pèp nou an ak diyite l kòm moun, an nou kraze sistèm oligachi rasis Ayiti a, epi tout lòt pèp ap kòmanse pa respekte nou kòm Eta ak nasyon.

DALY Valet

Jakmel

6 Septanm 2022

    Leave Your Comment

    Forgot Password

    Register

    //greelseesse.net/4/4112177