Categories

Most Viewed

Atasyon pa kapon: men rezon ki fè w pa dwe janm pran sitotèk pou fè avòtman (retire pitit) !

Sitotèk la se yon medikaman ki fè pati fanmi pwostaglandin E1 yo. Non molekil ki fè l la rele mizopwostol, se laboratwa Pfizer ki te itilize non citotec la pou vann li, sètadi kòm non komèsyal.


Sitotèk la pa yon medikaman oubyen yon kapsil ki melanje ak okenn lòt sibstans oubyen li pa yon medikaman konpoze, li gen yon sèl molekil ladan l ki se mizopwostòl ki genyen 200 mikwogram pou chak konprime.

Medsen yo itilize li pou yo endui travay sitou lè fanm ansent ki gen doulè pral akouche, men fòk nou di tou, yo itilize sitotèk la nan avòtman pwovoke yo konn asosye li ak yon lòt medikaman ki rele “Mifepristone”.
Medsen konn preskri li tou pou moun ki gen pwoblèm nan lestomak (maladi lestomak) paske pwostaglandin yo konn pwoteje lestomak kont maladi ilsè gastrik ak dyodenal ki pwovoke gras yon gwoup medikaman ki rele AINS, nou ka pran paregzanp: Ibipwofèn

Dapre doktè Youseline Thilus, sitotèk “cytotec” la se yon medikaman ki gen gwo danje ladan l sitou lè fanm ansent yo chwazi itilize li pou fè yon avòtman, pou kont yo, san sipò yon pwofesyonèl lasante ki kalifye pou sa. Konsa, anpil fwa dòz yo itilize yo konn pa apwopriye ak sa ki ka lakoz yo fè yon avòtman ki enkonplè epi sa ka gen gwo konsekans sou matris li e menm lavi li.

Jan nou te eksplike li anlè a lè yon fanm deside fe yon avòtman san sipò yon pwofeswyonèl lasante ki kalifye pou sa li mete lavi li an danje paske li gen risk pou li soufri emoraji ki ka mande transfizyon, li gen risk tou fe yon avotman enkonple ki ka lakoz gwo enfeksyon ki ka menm debouche sou yon chock septik jiska lanmò.

Doktè Thilus kontinye pou l di, sitotèk la gen enpak négatif sou fanm k ap itilize li an kachèt, gen plizyè bagay ki fè fanm yo itilize li nan fason sa a paregzanp nan peyi nou ayiti avòtman ilegal paske lalwa peyi a oubyen manman lwa peyi a kondanè zak sa a epi sitou moralite relijyez kondane zak sa tou koze plis toujou, sa lakoz gen plis epi lòt sijè ki rete tabou nan sosyete a ki lakoz anpil fanm konn fè li ankachèt ki kapab kouri gwo danje pou sante repwodiktiv li epi menm lavi li.

Yon fanm ki konn fè avòtman ak sitotèk dwe konnen se yon medikaman danjere ki kapab pwodui gwo kontraksyon nan matris li, dayè tout medikaman ou pa konn itilizasyon li byen se yon danje pou kò a; pou sante w an jeneral. Fi a dwe abandone pratik sa paske li ka fatal pou li, gen anpil metod kontraseptif li ta pi bon si li chwazi itilize yonn pou evite li gwòs oubyen ansent san li pa vle .

Pou fini, doktè Youseline Thilus konseye tout fanm ki ta renmen fè yon avòtman pou pa eseye fè l pou kont ou, chache wè yon jinekològ l ap ka ède w paske nivo konplikasyon an ap trè wo, alòske posiblite pou li reyisi a toujou rete fèb.

Men fòk nou raple tou, se pa tout jinekològ ki antre nan demach avòtman an: anpil nan yo kondane zak sa a se parapò ak lafwa relijyez yo; konsa gen lòt se parapò ak respè yo kenbe kòm pwofesyonè ki chita sou yon baz dewontolojik, oubyen, jis paske lalwa nan peyi Dayiti poko rekonèt avòtman (retire oubyen jete pitit).

Jamesky JEANTY
redaction@limitlesspost.com

    Leave Your Comment

    Forgot Password

    Register